DIGICEL ANKÒ AN PANN JODI A, KLIYAN YO AP FÈ FAS AK NOUVO PWOBLÈM REZO

Ayiti, lendi 12 oktòb 2026 — Rezo telekominikasyon Digicel la ap fè fas ak yon nouvo pann jodi a, sa ki lakòz plizyè sèvis konpayi an ofri kliyan li yo sibi deranjman.

Dapre enfòmasyon plizyè medya ayisyen rapòte, Digicel fè konnen gen domaj ki touche de fib optik entènasyonal li yo ki chita sou Wout Nasyonal nimewo 1 an (RN1).

Konpayi an rapòte enfòmasyon sou kout zam nan zòn kote enfrastrikti sa yo andomaje. Sitiyasyon sekirite a ta ka rann travay reparasyon yo pi difisil pou ekip teknik yo.

Entènèt ak lòt sèvis yo sibi deranjman

Pann nan kapab afekte koneksyon entènèt ak lòt sèvis telekominikasyon yo. Nan yon sitiyasyon konsa, kliyan yo ka rankontre difikilte pou kominike, travay sou entènèt oswa fè tranzaksyon ki depann de rezo a.

Digicel fè konnen ekip teknik li yo ap evalye sitiyasyon an pou wè ki jan yo kapab entèvni epi fè reparasyon ki nesesè yo. Pou kounye a, pa gen yon delè presi ki anonse pou tout sèvis yo retounen nòmal.

Kliyan yo ap poze kesyon sou kalite sèvis la

Nouvo pann sa a vini anviwon yon semèn apre yon lòt gwo entèripsyon ki te afekte sèvis Digicel yo pandan plis pase 24 èdtan, dapre enfòmasyon medya yo te rapòte.

Sitiyasyon an ap soulve kesyon sou kalite sèvis kliyan yo ap resevwa, sitou lè yo depanse lajan pou achte plan entènèt ak lòt sèvis, men yo pa toujou kapab itilize yo jan yo ta dwe itilize yo.

Anpil kliyan ta renmen konnen ki mezi konpayi an pral pran pou diminye frekans pann sa yo epi ki dispozisyon li kapab mete an plas pou kliyan ki sibi pèt sèvis pandan plan yo toujou aktif.

Pou kounye a, abonnés yo dwe rete vijilan pandan ekip teknik Digicel yo ap chèche yon solisyon.

Zen San Kanpe ap kontinye suiv dosye a pou pote lòt enfòmasyon sou evolisyon sitiyasyon an.

Leave a Reply