Mizik | Zen San Kanpe
Rapè ayisyen Wendyyy Traka fè gwo retou sou sèn mizikal la ak yon nouvo pwojè ki pote non « Pi », yon album ki gen nèf mizik ladan l. Pwojè a parèt 8 oktòb 2026, anba etikèt Traka Music Group. Li disponib sou plizyè platfòm mizik, tankou Spotify ak YouTube.
Album sa a prezante diferan fasèt talan Wendyyy, ant rap, jwèt mo, refleksyon ak tèm ki touche reyalite lavi a. Pami mizik ki sou pwojè a, nou jwenn « Frank Etienne », « Assez », « Sa Pa Gade’m », « Pou Ou », « Bénit Soit L’Éternel », « Monte Desann », « Paskew Pa Konnen », « Stoïcien » ak « Pi ».
Wendyyy pa poukont li sou album nan. Li kolabore ak plizyè lòt atis, tankou Thelo ak El Socrato sou mizik « Sa Pa Gade’m », Teddy Hashtag sou « Pou Ou », ansanm ak Salil sou « Assez ».
Avèk nouvo pwojè sa a, atis la kontinye montre enpòtans li nan rap kreyòl ayisyen an. Fanatik li yo ap gen opòtinite pou dekouvri nouvo mizik sa yo epi bay opinyon yo sou travay li.
Èske nouvo album Wendyyy a ap rive satisfè atant fanatik li yo? Se piblik la k ap bay dènye jijman an atravè reyaksyon li ak fason li resevwa mizik yo.
Sous enfòmasyon: Le National ak Apple Music.

