Palm Beach, Florid — Ayewopò Entènasyonal Palm Beach la chanje non li ofisyèlman pou President Donald J. Trump International Airport, apre yon lwa Leta Florid te apwouve epi Gouvènè Ron DeSantis te siyen. Chanjman an antre an aplikasyon jodi a, 9 jiyè 2026.
Otorite yo fè konnen yo pral ranplase tout ansyen pankat ak nouvo non ayewopò a nan plizyè etap. Operasyon ayewopò a ak sèvis pou pasaje yo ap kontinye nòmalman pandan peryòd tranzisyon an.
Ayewopò sa a sitiye toupre rezidans Mar-a-Lago, kote Donald Trump pase anpil tan. Chanjman non an te pwovoke anpil reyaksyon: kèk moun salye desizyon an kòm yon fason pou onore ansyen ak aktyèl prezidan an, tandiske lòt moun kritike depans ak aspè politik ki dèyè inisyativ la.
Dapre responsab yo, chanjman an gen ladan nouvo makaj, nouvo siyalizasyon ak lòt ajisteman administratif ki gen rapò ak idantite ayewopò a. (People.com)

