Espay kontinye fè gwo demonstrasyon nan Koup di Mond 2026 la. Nan demi-final la, seleksyon espanyòl la bat Lafrans 2-0 pou l valide plas li nan gran final konpetisyon an.
Depi premye minit yo, Espay te montre li te vin chèche viktwa a. Ekip la te domine jwèt la, kreye plizyè okazyon epi rive pran avantaj la. Nan dezyèm mitan an, Espay make yon lòt gòl ki mete match la definitivman deyò rive pou Lafrans.
Malgre prezans Kylian Mbappé ak lòt gwo vedèt yo, Lafrans pa t jwenn solisyon pou kraze defans espanyòl la. Rezilta sa a mete fen nan rèv ekip fransè a pou ranpòte Koup di Mond 2026 la.
Avèk viktwa sa a, Espay kalifye pou final Koup di Mond lan, kote li pral tann gayan lòt demi-final la. Bò pa li, Lafrans pral jwe match pou twazyèm plas la.
Zen San Kanpe ap kontinye pote tout dènye nouvèl ak analiz sou Koup di Mond 2026 la.
