Alix Didier Fils-Aimé kite Ayiti pou ale Sainte-Lucie

Premye Minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, kite Ayiti dimanch 5 jiyè 2026 pou fè yon vwayaj ofisyèl nan peyi Saint Lucia.

Selon enfòmasyon ki disponib, Premye Minis la pral patisipe nan yon konferans rejyonal kote plizyè chèf gouvènman ak responsab Karayib yo ap diskite sou kestyon sekirite, koperasyon ekonomik ak devlopman rejyon an.

Vwayaj sa a fèt nan yon moman kote Ayiti ap fè fas ak gwo defi sou kestyon ensekirite ak preparasyon pwosesis elektoral la. Anpil obsèvatè espere rankont sa yo kapab ranfòse relasyon ant Ayiti ak lòt peyi Karayib yo.

Jiskaprezan, pa gen okenn enfòmasyon ki montre vwayaj sa a se yon depa definitif. Otorite yo prezante li kòm yon misyon diplomatik ofisyèl.

Leave a comment