Dave Chappelle voye yon mesaj bay Donald Trump pou mande respè pou Ayisyen yo

Komedyen ameriken Dave Chappelle te pwofite yon aparisyon piblik pou voye yon mesaj dirèk bay Prezidan Donald Trump konsènan kominote ayisyen an.

Nan mesaj li a, Chappelle te deklare: “Mesye Trump, tanpri kite Ayisyen yo nan Springfield anpè. Nou renmen yo.” Mesaj sa a te resevwa anpil reyaksyon sou rezo sosyal yo epi anpil moun te salye jès komedyen an kòm yon siy solidarite anvè kominote ayisyen an.

Pandan entèvansyon li a, Dave Chappelle te mete aksan sou enpòtans respè, inite ak diyite pou tout kominote imigran yo, pandan li te fè konnen Ayisyen yo se yon pati enpòtan nan sosyete ameriken an.

Mesaj la rive nan yon moman kote kestyon imigrasyon ak diskisyon sou kominote ayisyen an kontinye fè anpil deba Ozetazini. Plizyè moun sou entènèt te eksprime sipò yo apre deklarasyon komedyen an.

Zen San Kanpe ap kontinye swiv dosye sa a pou pote tout dènye enfòmasyon yo ba ou.

Leave a comment