Jodi a make 5 lane depi jounalis Diego Charles ak militan politik ak aktivis Antoinette Duclair te pèdi lavi yo nan yon atak ame nan Pòtoprens. Evènman sa a te choke anpil moun ann Ayiti ak aletranje, e li te soulve gwo kestyon sou sekirite ak enpinite nan peyi a.
Pandan senk ane ki pase yo, fanmi viktim yo, òganizasyon dwa moun, jounalis ak plizyè sitwayen kontinye mande pou verite a parèt epi pou responsab yo rann kont devan lajistis.
Malgre ankèt ak plizyè deklarasyon ki te fèt pandan ane yo, anpil moun estime dosye a poko rive bay yon repons final ki klè. Sa fè kestyon sou pwogrè lajistis la kontinye poze, pandan fanmi yo ak popilasyon an ap tann plis transparans sou dosye a.
Nan okazyon senkyèm anivèsè trajedi sa a, anpil moun rann omaj ak memwa Antoinette Duclair ak Diego Charles pou travay ak angajman yo te genyen. An menm tan, apèl la rete menm jan an: chèche verite a epi asire responsablite etabli selon lalwa.
Zen San Kanpe ap kontinye suiv tout devlopman ki gen rapò ak dosye sa a epi pote enfòmasyon ki verifye bay piblik la.

