Nan emisyon CNN State of the Union, jounalis Jake Tapper te poze Sekretè Depatman Sekirite Enteryè Etazini (DHS), Markwayne Mullin, plizyè kesyon sou avni TPS pou Ayisyen yo apre desizyon resan United States Supreme Court.
Pandan entèvyou a, Mullin te deklare ke TPS se yon estati tanporè, pa yon estati pèmanan. Li di moun ki sou TPS yo ta dwe chèche yon lòt fason legal pou rete Ozetazini, tankou aplike pou rezidans si yo kalifye. Sinon, administrasyon an di li pare pou ede kèk moun retounen nan peyi yo avèk asistans pou vwayaj ak yon èd finansye.
Jake Tapper te poze kestyon sou sitiyasyon sekirite an Ayiti, paske gouvènman ameriken an toujou konseye sitwayen ameriken pou pa vwayaje ann Ayiti akoz vyolans gang ak ensekirite. Mullin te reponn ke avètisman sa a vize sitou sitwayen ameriken k ap vwayaje, epi li te repete pozisyon administrasyon an ke TPS pa fèt pou dire pou tout tan.
Desizyon sa a konsène plizyè santèn milye Ayisyen ki te benefisye TPS pandan plizyè ane. Anpil òganizasyon defans imigran ak lidè kominotè kontinye eksprime enkyetid yo sou konsekans posib yon fen TPS, sitou akòz kriz sekirite ak imanitè k ap kontinye ann Ayiti.

