CARICOM ak OEA Pa Prevwa Voye Delegasyon ann Ayiti Anvan 7 Jen, Dapre Sous Diplomatik

“Se pa t janm kesyon yon delegasyon ki t ap retounen ann Ayiti pandan 7 jen an ap pwoche,” se deklarasyon yon sous diplomatik ekip editoryal nou an te kontakte.

Dapre sous la, depi mwa Jiyè 2025, apre chaje dafè ameriken Henry T. Wooster te prezante plan li pou Ayiti bay Depatman Deta Etazini, ni CARICOM ni OEA pa enplike dirèkteman nan dosye politik ayisyen an menm jan yo te konn fè anvan.

Reyaksyon sa a vini apre rimè ki t ap sikile sou rezo sosyal yo ki fè kwè yon delegasyon CARICOM t ap prepare pou rive Pòtoprens pou evalye pwogrè tranzisyon an anvan dat 7 jen 2026. Kèk sektè opozisyon an konsidere dat sa a kòm yon etap enpòtan nan pwosesis tranzisyon an epi yo estime li ta dwe make fen manda Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé.

Yon lòt sous ki gen koneksyon ak CARICOM, e ki te pale anba kondisyon anonim, kalifye enfòmasyon sa yo kòm yon “antoksikasyon”.

Yon manm sosyete sivil la, ekip nou an te kontakte tou, fè konnen ni CARICOM ni OEA pa t patisipe nan mete an plas nouvo faz tranzisyon an. Selon li, kestyon an poze pou konnen kijan òganizasyon sa yo ta ka entèvni nan yon pwosesis kote yo pa asosye dirèkteman.

Pou kounye a, pa gen okenn anons ofisyèl ki konfime arive yon delegasyon CARICOM ann Ayiti anvan dat 7 jen an.

Leave a comment

Is this your new site? Log in to activate admin features and dismiss this message
Log In