Jij Jean Denis Cyprien Konvoke Jean Monard Métellus nan Dosye Asasinay Jovenel Moïse
Jij enstriksyon Jean Denis Cyprien, k ap mennen ankèt sou dosye asasina ansyen Prezidan Ayiti Jovenel Moïse, konvoke ansyen animatè emisyon Ranmase sou RTVC, Jean Monard Métellus, pou li prezante devan chanm enstriksyon an nan dat 5 jen 2026.
Selon enfòmasyon ki disponib yo, yon manda te deja emèt kont Jean Monard Métellus depi 1ye jen 2026. Konvokasyon sa a antre nan kad ankèt ki kontinye ap fèt sou dosye asasina ansyen chèf Leta ayisyen an.
Pou kounye a, otorite jidisyè yo poko bay plis detay sou rezon egzak ki fè yo mande prezans ansyen animatè a devan jij enstriksyon an.
Zen San Kanpe ap kontinye swiv dosye sa a epi n ap pote tout nouvo enfòmasyon yo ba nou.
