
NÒT ENFÒMASYON Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo, atravè Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon, enfòme vwayajè k ap antre nan peyi a oswa k ap kite l pou ale aletranje ke, apati 1ye oktòb 2026, yo oblije ranpli fòm “I-Kat” la lè y ap kite peyi a ak lè y ap rive. Ou ka jwenn fòm sa a sou platfòm konpayi avyon konsène yo, ansanm ak sou sitwèb Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE) ak Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo (MICT). Fòk ou ranpli l nan espas 72 èdtan anvan vwayaj la. Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE) responsab pou asire yo aplike mezi sa a byen sevè, ni lè moun ap kite peyi a ni lè yo rive, dapre règleman ki etabli yo. Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo ak Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon konte sou koperasyon tout vwayajè yo. Anplis de sa, Ministè a reyafime angajman l pou l kontinye travay nan sans pou ranfòse jesyon jeneral sekirite nan peyi a. Paul Antoine BIEN-AIMÉ Minis

