Joseph Félix Badio rive Ozetazini pou l reponn devan lajistis nan dosye asasina Jovenel Moïse

Joseph Félix Badio, youn nan prensipal moun otorite yo site nan ankèt sou asasina ansyen Prezidan Ayiti Jovenel Moïse, rive Ozetazini apre otorite ayisyen yo te transfere li ansanm ak 17 ansyen sòlda kolonbyen.

Transfè a fèt dimanch 20 septanm 2026. Dapre enfòmasyon ki pibliye pa plizyè sous, yon avyon militè ameriken te vin chèche 18 moun yo ann Ayiti pou mennen yo Florid, kote yo pral fè fas ak pwosedi jidisyè Ozetazini.

Nan gwoup la, gen Joseph Félix Badio ansanm ak 17 Kolonbyen ki te deja nan prizon ann Ayiti nan kad dosye asasina Jovenel Moïse, ki te fèt 7 jiyè 2021 nan rezidans prive li nan Petyonvil. (AP News)

Badio parèt devan tribinal Miami

Lendi 21 septanm, Badio te parèt devan yon tribinal federal nan Miami. Dapre Associated Press ak CBS News, li te antre nan tribinal la sou yon chèz woulant.

Otorite ameriken yo akize Badio ak lòt moun yo de patisipasyon nan konplo ki te mennen nan asasina Jovenel Moïse. Pwokirè ameriken yo di planifikasyon ak finansman konplo a te gen lyen ak Sid Florid.

30 moun akize nan dosye a

Dapre enfòmasyon ki soti nan pwosedi federal Ozetazini, gen 30 moun ki akize nan ankèt ki gen rapò ak asasina Jovenel Moïse. Plizyè moun deja plede koupab oswa jwenn kondanasyon Ozetazini, pandan lòt moun toujou ap tann pwosè yo.

Transfè Badio ak 17 lòt moun yo reprezante yon nouvo etap enpòtan nan pwosedi jidisyè ameriken an sou dosye asasina ansyen prezidan ayisyen an.

Zen San Kanpe ap kontinye suiv dosye a pou pote tout nouvo enfòmasyon ki soti nan tribinal ameriken yo.

Screenshot

Leave a comment