Andrea Pirlo dakò pou vin nouvo antrenè seleksyon Itali a

Daprè plizyè medya italyen ak entènasyonal, ansyen lejand foutbòl Itali a, Andrea Pirlo, dakò pou vin nouvo antrenè seleksyon nasyonal Itali a. Li ta dwe siyen yon kontra kat (4) ane pou dirije ekip la.

Pirlo, ki te ede Itali ranpòte Koup di Mond 2006 la kòm jwè, deja genyen eksperyans kòm antrenè ak Juventus, Sampdoria ak Dubai United. Federasyon Italyèn nan espere eksperyans li pral ede rebati ekip nasyonal la apre dènye rezilta yo.

Jiskaprezan, Federasyon Italyèn nan poko fè anons ofisyèl la, men plizyè medya fè konnen akò a deja fèt epi anons la ta kapab fèt nan jou k ap vini yo.

Screenshot

Leave a comment