Pòtoprens, 8 Jiyè 2026 — Gouvènman Ayiti a anonse depa yon misyon medikal solidarite pou ale nan peyi Venezyela, apre de gwo tranblemanntè ki te frape peyi sa a nan dat 24 jen 2026.
Daprè otorite yo, delegasyon an gen ladan li 31 pwofesyonèl lasante, tankou doktè ak lòt espesyalis, ki pral bay asistans medikal ak sipò imanitè pou moun ki viktim katastwòf la. Misyon an ap dirije pa Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Sinal Bertrand.
Gouvènman an fè konnen demach sa a montre volonte Ayiti pou kontinye ranfòse relasyon zanmitay ak koperasyon ak pèp Venezyelyen an, malgre gwo defi peyi a ap fè fas ak yo. Otorite yo souliye tou Ayiti konprann soufrans ki vini apre yon gwo dezas natirèl, e se poutèt sa li chwazi montre solidarite ak sipò li.
Nan mesaj li a, gouvènman an prezante senpati li bay fanmi moun ki pèdi lavi yo, swete blese yo geri vit, epi reafime angajman Ayiti pou ankouraje lapè, fratènite ak koperasyon ant pèp yo.
Zen San Kanpe ap kontinye swiv dosye sa a epi l ap pote tout lòt devlopman yo ba nou.

