Prezidan ameriken Donald Trump voye yon mesaj espesyal pou make selebrasyon 250yèm anivèsè Endepandans Etazini. Nan mesaj li a, li mete aksan sou istwa peyi a, valè libète, ak enpòtans pou sitwayen yo kontinye travay ansanm pou bati yon avni ki pi solid.
Trump salye tout Ameriken yo pandan gwo selebrasyon sa a, pandan li rann omaj ak fanm ak gason ki te kontribye nan fondasyon ak devlopman peyi a. Li fè konnen lespri patriyotis, kouraj, ak inite se kèk nan prensip ki te pèmèt Etazini vin youn nan pi gwo puisans nan mond lan.
Li ankouraje sitwayen yo pou yo kontinye defann Konstitisyon an, respekte drapo ameriken an, epi travay pou prezève eritaj jenerasyon ki te goumen pou endepandans peyi a.
Selebrasyon 250yèm anivèsè Endepandans Etazini an te dewoule ak plizyè aktivite atravè peyi a, tankou parad, konsè, fedatifis, ak lòt evènman kiltirèl ki rasanble milyon moun pou onore listwa nasyon an.

