Otorite imigrasyon ameriken an, USCIS, anonse yon pwolongasyon 10 jou pou kèk kat travay (Employment Authorization Document – EAD) nan sèten sikonstans. Mezi sa a vize ede kèk moun ki afekte pa reta administratif, pou yo pa pèdi dwa yo genyen pou travay pandan y ap tann lòt etap nan pwosesis la.
USCIS fè konnen se pa tout moun ki kalifye pou pwolongasyon sa a. Elijiblite a depann de kategori imigrasyon moun nan ak sitiyasyon dosye li. Moun ki gen dout sou estati kat travay yo ta dwe verifye enfòmasyon yo dirèkteman ak USCIS oswa pale ak yon avoka imigrasyon anvan yo pran nenpòt desizyon.
Zen San Kanpe ap kontinye swiv tout nouvèl ki gen rapò ak imigrasyon Ozetazini pou pote enfòmasyon ki verifye bay kominote a.

