Animatris ak kòmantatris ameriken Megyn
Kelly te fe anpil pale anpil apre li te reyaji sou
desizyon ki pèmèt administrasyon ameriken an
mete fen nan TPS pou plizyè santen milye
Ayisyen.
Pandan emisyon li a, Kelly te di TPS la te dire twò lontan e li te mande moun ki anba pwogram nan pou yo retounen nan peyi yo. Li
te itilize yon langaj ki te pwovoke anpil kritik
sou rezo sosyal yo, kote plizye moun ak
òganizasyon te denonse pawòl li yo kòm
ofansan ak meprizan anvè kominote ayisyen
an.
Desizyon sa a vini apre yon desizyon Supreme
Court of the United States ki pèmet
administrasyon an kontinye ak pwosesis pou mete fen nan TPS pou anviwon 350,000
Ayisyen ak plizyè milye Sitwayen Siri. Dosye a
kontinye ap soulve gwo deba sou imigrasyon
ak avni fanmi ki afekte yo.
Anpil lide kominotè ak defanse dwa imigran yo mande otorite ameriken yo pou chèche lòt
solisyon legal pou pwoteje Ayısyen ki gen
plizye ane ap viv, travay epi elve fanmi yo
Ozetazini.

