Pòtoprens, Ayiti — Animatè ak kreyatè kontni Uncle Kendji fè yon deklarasyon kote li eksprime tristès li devan sitiyasyon difisil peyi Ayiti ap travèse a.
Dapre li, ensekirite, divizyon ak difikilte ekonomik yo ap afekte lavi anpil fanmi atravè peyi a. Li fè konnen se pa yon sèl gwoup ki pèdi, men se tout pèp ayisyen an ki ap sibi konsekans yo.
“Lè Ayiti ap soufri, se nou tout ki pèdi. Nou bezwen plis inite, plis respè youn pou lòt, epi travay ansanm pou ede peyi a avanse,” se sa Uncle Kendji deklare.
Li ankouraje jèn yo pou yo kontinye kwè nan lavni yo malgre defi yo, epi li mande tout sitwayen yo pou yo mete enterè peyi a an premye.
Deklarasyon sa a deja pwovoke anpil reyaksyon sou rezo sosyal yo, kote plizyè moun ap pataje opinyon yo sou avni peyi a ak nesesite pou jwenn solisyon dirab pou kriz la.
Zen San Kanpe
Enfòmasyon, Aktyalite ak Opinyon an Kreyòl.
