Ariana fè yon deklarasyon ki deja ap fè anpil bri sou rezo sosyal yo apre li pale de patisipasyon seleksyon ayisyèn foutbòl la nan Mondyal 2026 la. Li di li fyè wè Grenadye yo rive nan pi gwo konpetisyon foutbòl sou latè a apre plizyè dizèn ane ap tann. Ayiti kalifye pou Mondyal la pou premye fwa depi 1974, yon reyalizasyon istorik pou peyi a.
Nan deklarasyon li a, Ariana fè remake anpil Ayisyen ap reve al sipòte ekip nasyonal la nan Etazini, men gen anpil moun ki pa ka jwenn viza ameriken pou fè vwayaj la. Li di sa pa dwe anpeche fanatik yo viv emosyon Mondyal la.
“Menm si anpil Ayisyen pap kapab jwenn viza pou ale gade match yo an pèsòn, nou tout ap kapab swiv seleksyon an epi ankouraje yo depi kote nou ye a,” se sa Ariana fè konnen.
Li ajoute ke ak teknoloji jodi a, fanatik yo pap rate anyen paske y ap jwenn videyo, rezime ak reyaksyon sou TikTok ak lòt rezo sosyal yo san kanpe. Li ankouraje tout Ayisyen rete ini dèyè Grenadye yo pandan y ap prepare pou rankont enpòtan kont gwo ekip tankou Brezil, Mawòk ak Ekòs nan faz gwoup Mondyal 2026 la.
Pou Ariana, prezans Ayiti nan Mondyal la deja yon gwo viktwa pou tout pèp ayisyen an, kèlkeswa rezilta ki pral fèt sou teren an. Li kwè seleksyon an kapab pote espwa ak fyète pou peyi a nan yon moman difisil, epi li mande tout fanatik yo kontinye sipòte drapo ble ak wouj la. Siw bezwen we video a gade li sou TikTok zen San Kanpe kote ap pale de sa .
